ahiti fè pati de pèp Izrayel la

N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
'Jan 8 : 32'

Konsènan nou

Nou se yon pèp Tou Pwisan an chwazi

Òganizasyon nou an fèt avèk yon misyon klè e pwofon: reveye konsyans pèp Ayisyen an sou vrè idantite l ak rasin li kòm pati entegrant nan 12 Tribi ( 12 branch fanmi) pèp Izrayèl la. Dapre sa ki ekri nan Bib la, Akoz istwa dezobeyisans nou anvè Kreyatè AH, nou te pèdi idantite nou epi nou bliye kiyès nou ye tout bon vre.

Objektif nou se restore relasyon nou ak Tou Pwisan an , pandan n ap aprann mache nan respekte lwa ak kòmandman Li yo, pou nou ka jwenn delivrans nou.

a beautiful haitian family wea nano banana pro 82105

Aprann vrè Istwa'w ak Orijin ou

"Dekouvri prensip ak enterè k ap dirije chak etap nan misyon nou pou restorasyon pèp BonDye a."

01

Devwale Sa Ki Kache

Pandan twò lontan, istwa nou, vrè istwa nou, ak idantite nou kòm yon pep ki fe pati de 12 Tribi Izrayèl yo, te rete kache anba gwo vwal ke legliz Katolik / Ewopeyen yo mete sou istwa nou. Nou la pou n kraze inyorans epi limen limyè konesans la.

02

Sèvi Tou Pwisan An Tout Bon Vre

Delivrans nou nan men Tou Pwisan an, pou sa nou dwe sevi l tout bon vre. Sèvi Bondye pa yon senp yon abitid relijye ( Tankou al legliz chak dimanch), men se yon angajman total ak sensè pou nou retounen nan obsèvasyon strik lwa ak kòmandman l yo.

03

Delivrans Nou

Delivrans se bi final nou, e entan ke izrayelit nou konnen delivrans nou pap soti nan fòs lèzòm, men l ap soti nan men Tou Pwisan an lè n tounen vin jwenn li. Nou konsidere delivrans lan sou de fòm: yon delivrans pèsonèl, ak yon delivrans total pou pèp nou an k ap reprann plas ak diyite li te pèdi a.

Yon mouvman pou reveye konsyans, restore idantite.

Aprann epi devlope Lespri w avèk video nou yo

Scroll to Top